Paj nou pral li yo se rezime yon istwa vrè. Se tankou anpil lòt bèl istwa ou konn tande ou konn li, men plis w’ap li l’ se plis w’ap reyalize sa pa yon senp istwa anplis ; sa se istwa a menm. Li defini nou tout. Li fè nou reflechi sou ki moun nou ye e sou sa nou ka devni. Alò...

Bondye

Istwa a kòmanse ak Bondye, Bondye ki toujou Bondye. Li te toujou egziste e L’ap toujou egziste egzakteman jan L’ ye kounyea. Si sa sanble yon jan twoublan, se paske Li pi wo pase sa yon moun ka fin konprann.

Jenèz 1:1 Sòm 90:2

Kreyasyon

Nan kòmansman, Bondye annik pale epi tout bagay fèt. Li pase yon lòd, linivè antye parèt ak imaj yon tablo ekstraòdinè chaje galaksi, zetwal, ak planèt – ki gen ladan l’ latè kote te gen yon jaden pafè tankou yon paradi ki te rele Edèn. Nan tout bèl bagay Li te kreye yo chedèv la menm se te yon gason ak yon fanm. Bondye te kreye Adan ak Ev nan imaj Li, kòm reflè Li. Yo te kreye nan objektif nòb pou te louwe L’ pa fason yo ta renmen L’, sèvi L’ e jwi yon relasyon pèsonèl ak Li.

Amoni

Dapre plan Bondye a, tout kreyasyon an t’ap viv an amoni e te egazkteman jan l’ ta sipoze ye a. Pandan tan sa a pa t’ gen lapenn, soufrans, maladi ou lanmò. Te gen yon lanmou pafè, aseptasyon, e entimite ant Bondye ak lòm, ant Adan ak Eve, e ant tout kreyasyon an. Men gen yon bagay trajik ki te pase...

Dezobeyisans

Adan ak Ev pa t’ prèt pou yo ta egal ak Bondye, men kanmenm, pa amou, Li te mete yo responsab tou sa L’ te kreye nan jaden Edèn nan. Li te kite yo lib pran desizyon e dirije latè ak yon sèl kondisyon : Pa manje fwi yon sèten pyebwa. Yon jou, lenmi Bondye a, yon anj dechi yo rele Satan, te vle bay Bondye kou deta donk li pran fòm yon koulèv e bay Adan ak Ev yon manti. Li twonpe yo pou ta fè yo konprann Bondye pa bon e ni L’ pap travay nan enterè yo vre. Kòm rezilta, yo te volontèman dezobeyi Bondye. Yo pase an rebelyon, Adan ak Ev manje fwi a, e deside dezòmè ke se yo, non pa Bondye, men yo menm ki pou detèmine sa ki bon ak sa ki mal.

Konsekans

Konsekans aksyon yo a te devastan. Tankou yon viris, peche te antre nan tout kreyasyon an e nan kè Adan ak Ev. Peche, soufrans ak lapenn te kòmanse pwopaje de jenerasyon an jenerasyon ; tout kreyasyon an nèt vin defòme pa rapò a plan orijinal la. Nou tout konn li oswa tande pale de lagè, povrete, maladi, lanvi ak eskandal k’ap mine monn nou an jodia. Tout bagay sa yo se rezilta peche.

Women 3:10 Women 3:19

Bezwen

Lè nou reflechi sou pèfèksyon ak lanmou ki te egziste nan kòmansman kreyasyon an, nou reyalize ke « nou bokou pi domaje e bokou pi pechè pase sa nou ta ka panse. » Jis reflechi sou jan nou kenbe moun nan kè, sou kantite manti nou bay, sou kalite move panse ki nan tèt nou bagay nou pa menm ka oze di pou moun tande. Yon koudèy onèt nan pwòp kè nou demontre aklè : Nou tout koupab. Tout moun fè peche, e konsekans final la, ankò pi mal ke lanmò fizik, se seprasyon etènèl ak yon Bondye lanmou, nan yon mizè ak yon mekontantman terib. Konsideran tout bagay sa yo, n’ap poze keyson mande: Sa k’ posib? Eske gen okenn espwa?

Yon Powomès Fèt

Kòm konsekans peche yo a, Bondye te mete Adan ak Ev deyò nan jaden Edèn nan men L’ te kite yo ak yon pwomès delivrans ak espwa. Li te pwomèt yo yonn nan desandan yo yon jou va gen pou delivre limanite anba peche. Nan syèk ki swiv yo, Bondye te prepare wout la pou moun sa a ki t’apral tounen Sovè monn nan. Nou te jwenn detay egzak sou nesans Li, lanmò L’ ak rezireksyon L’ nan Bib la plizyè santèn lanne anvan L’ te vini. Anfèt, tout Bib la ala fen pwente sou sèl grenn moun sa a kòm pwen santral tout istwa limanite. Objekif Li ak vini Li a se te «… chache sa ki te pèdi pou L' delivre yo. » Lik 19 :10. Donk ki moun moun sa te ye?

Pwomès la Kenbe

Sovè pwomi an, tou senpleman, se te Bondye menm. Bondye te tounen moun nan pèson Jezikri anviwon 2000 de sa, pou akonpli tout pwofesi yo te bay sou Li yo nan Ansyen Testaman an. Nesans Jezi se te yon mirak paske manman L’ te vyèj. Lavi L’ te inik : Li te pran plezi nan Bondye e obeyi L’ pafètman san L’ pa t’ janm fè okenn peche. E sa anfen te mennen nan lanmò atròs Li sou lakwa, yon lanmò volontè ki te fèt nan obeyisans e ki te sifizan pou peye pri peche limanite dapre plan Bondye Papa a. Nan pi gran demonstrasyon gras ak mizerikòd lemonn te janm konnen an lavi ak lanmò Jezi tounen yon ranplasman pou tout moun ki kwè nan Li. Inosan pafè a te mouri pou delivre koupab andisi a anba peche ak Satan.

Men kavo a pa t’ ka kenbe Jezi. Twa jou pita, Jezi te leve soti nan tonbo a, konsa Li akonpli misyon terès Li ki se venk peche ak lanmò L’ sou lakwa e venk lanmò ak rezireksyon L’ - egazkteman jan Bondye te pwomèt li a. Karant jou pita Li te tounen nan syèl kote L’ap reye kounyea kòm wa lejitim nan.

Men istwa a pa fini la...

1 Pyè 3:18 Galat 1:4

Tout bagay Nèf

Pou tout moun ki kwè nan Jezi sèl, Bondye tou te pwomèt Li va fè tout bagay vin tou nèf. Pap gen absoliman okenn tras peche ak egoyis nan nouvo syèl ak nouvo tè a – ki va yon plas zanmitay pafè ak Bondye, ak pwochen yo e ak tout kreyasyon an. Pap gen tranblemanntè k’ap souke nou ankò, sinami k’ap kraze brize ou gwo van tanpèt jan sa ye sou latè kounyea. Pap gen lapenn, kè kase, maladi ou lanmò pou twouble nou.

Tout bagay va repare pou tounen jan yo ta dwe ye a. Nouvo tè a, yon fwa ankò, va tounen kay ideyal Bondye te gen an tèt pou kreyasyon L’ lan. Obejktif orijinal Bondye a va fleri, lè moun ki kwè nan delivrans Li a va antre nan gran plan adorasyon pou Li pa mwayen lanmou yo gen pou Li, pa fason y’a sèvi L’, e jwi yon relasyon pèsonèl ak Li pou toutan.

Revelasyon 21:4

Ak Bondye pou tout tan

Pi bèl bagay nan nouvo monn sa a sèke nou va ak Bondye pou toutan nan eksperayans yon jwa pafè. Nou va restore nan yon relasyon pafè ak Moun ki te kreye nou an, renmen nou an e mouri pou nou an. C.S. Lewis, yon savan e ekriven pou timoun, konpare premye pa nan nouvo monn sa a ak « Premye Chapit nan Gran Istwa pèsonn sou latè poko li a: yon istwa k’ap kontinye pou toutan : kote chak chapit pi bon pase sa anvan an.

Ki wòl ou nan istwa a?

Bondye ap ekri yon istwa fòmidab soti nan kreyasyon rive nan restorasyon. Li te kreye w’ pou w’ te ka fè pati istwa sa a pou adore L’, sèvi L’ e jwi yon relasyon pèsonèl ak Li. Lè w’ vin retwouve Bondye nan istwa Li a, ou jwenn padon, rezondèt, ak satisfaksyon konnen Otè lavi a.

Delivre pa lafwa sèl

Lafwa se tou senpleman kwè nan Jezikri sèl pou delivrans ou. Ki vle di olye w’ kwè w’ ka sove tèt ou ou menm anba konsekans peche, ou chwazi transfere kwayans ou pito nan delivrans Li te peye pou ou ak lanmò Li a. Tout alejans ou kounyea se pou Jezi, Wa a. Moun ki mete konfyans yo nan okenn lòt moun ou lòt bagay ke Jezi va trouve tèt yo separe pou toutan ak Bondye lanmou an ki te bay sèl Pitit Li a pou delivre nou anba chenn peche. Yo rele seprasyon penib sa a lanfè.

Efezyen 2:8–9

repons

Bondye ap envite w’ fè pati istwa L’ap ekri a e kontinye ekri atravè tan k’ap vini yo. L’ap ofri w’ Sali jodia menm, Sali ki se envitasyon pou pran delivrans Bondye ofri a. Ou ka pran delivrans Bondye a pou ou ak ti etap senp sa yo:

  • Admèt ou bezwen Bondye
  • Envite L’ padone w’
  • Kwè nan Jezi sèl pou delivrans ou
  • Swiv Jezikri, Wa lavi w’ la, pa lafwa depi jodia e pou toutan

Nan menm moman w’ asepte Jezi, ou tounen PITIT Bondye e Lespri L’ kòmanse viv nan ou. Ou vin fè pati istwa L’ la. Plis w’ap grandi nan relasyon w’ ak Bondye, se plis nan istwa Li a w’ap ka wè e konprann nan lavi w’. Tout peche w’, ke se peche pase ou sa k’ poko fèt, padone, e w’ jwenn kounyea yon aseptasyon total devan L’. Lè w’ kòmanse relasyon sa, Jezi pwomèt pou L’ toujou avèk ou : nan bon kon nan move tan, nan moman kè kontan ou nan moman difisil yo nan lavi a. Li renmen w’ ak yon lanmou etènèl, yon lamou ki pap janm chanje. E non sèlman L’ pwomèt nou lavi ki pap janm fini an, men L’ te vini tou pou w’ te ka fè eksperyans ojektivite, satisfaksyon ak libète nan lavi sa.

Jan 6:47

TheStoryFilm.com